Ak atelye 2013

Ekip Repanse Pouvwa kontan anpil pou ofri twa (3) kategori Sipò teknik pou Òganizasyon ki vle itilize metòd SASA! oubyen anpeche vyolans sou fanm ak tifi an Ayiti.

 

  1. MATERYÈL KOMINIKASYON

Repanse Pouvwa fè ak adapte anpil materyèl kominikasyon pou anpeche vyolans sou fanm ak tifi epi enfeksyon VIH/SIDA. Metòd SASA! genyen plis pase 800 paj afich, band desine, lide pou reyalize atik ak repòtaj, manyèl fòmasyon, gid pou fè evalyasyon, elatriye. Si yon òganizasyon enterese itilize zouti sa yo, nou kapab ba li oryantasyon epi mete yo disponib pou li.

 

 

  1. FÒMASYON SOU VYOLANS SOU FANM AK TIFI 

Òganizasyon ki entèrese konnen bon pratik pou anpeche vyolans sou fanm ak tifi, oubyen ki vle travay ak metodoloji SASA!, kapab mande Repanse Pouvwa fè fòmasyon pou yo, oubyen vin nan fòmasyon Repanse Pouvwa ofri tanzantan nan biwo Jacmel. Si ou vle gen plis enfòmasyon sou kalte fòmasyon k ap fèt oubyen kondisyon pou sa fèt, kontakte Ekip Pwogram nan.

 

 

  1. SIPÒ TEKNIK LONTÈM

Òganizasyon ki enterese sèvi ak metodoloji SASA! okonplè nan kominote pa yo kapab aplike pou yo vin patnè lontèm.

Patenarya lontèm nan genyen ladan li:

  • Pataj materyèl kominikasyon pwogram nan kreye oubyen adapte.
  • Fòmasyon pou 2-3 manm pèsonèl òganizasyon an chak lane.
  • Vizit regilye sou tèren pou bay estaf òganizasyon an sipò epi ede yo fè evalyasyon.
  • Echanj tanzantan ant lòt òganizasyon ki itilize metodoloji SASA! ann Ayiti pou yo kapab diskite ansanm sou defi ak siksè yo jwenn nan travay pa yo nan kominote yo.

 Kontakte nou!