Nou tout gen pouvwa, kijan ou ap itilize pouvwa pa w?

Kominote Ayisyen an ap poze tèt yo kesyon sou kijan yo kapab patisipe nan anpeche Vyolans sou fanm ak tifi ak enfeksyon VIH/SIDA, epi tou sipòte fanm ak tifi ki sibi vyolans. Men kesyon sa a bon pou nou tout, kijan n ap itilize pouvwa pa nou?

Gen plizyè fason ou ka itilize pouvwa pa w pou anpeche vyolans sou fanm ak tifi epi VIH/SIDA:

  • Aprann pi plis sou vyolans konjigal, kadejak ak lòt fòm vyolans sou fanm ak tifi. Kisa ki lakòz vyolans la? Ki konsekans li genyen sou moun? Kijan li parèt nan kominote pa w? Kijan li parèt nan peyi d Ayiti?

Bwochi vyolans sou fanm – Enfòmasyon nou dwe konnen

Enfòmasyon Nou Dwe Konnen

 

  • Pale ak fanmi ak zanmi w sou sa ou aprann sou vyolans sou fanm ak tifi. Si ou gen pitit, pale ak pitit ou sou vyolans, ni tifi, ni ti gason. Si ou nan yon relijyon, ou ka kòmanse yon dyalòg ak moun ki nan relijyon an tou. Tout moun gen moun yo ka pale ak yo sou vyolans.

Afich Pouvwa – Kòmanse

 

  • Aprann kijan ou ka bay sipò pou yon fanm oubyen tifi ou konnen k ap sibi vyolans: Nòmalman, premye bagay pou ou fè se koute epi rete disponib pou sa yo bezwen. Bay sipò w!

 

  • Bay sipò w nan travay aktivis oubyen travay òganizasyon ap fè pou anpeche vyolans sou fanm ak tifi. Ou kapab bay kontribisyon pou travay k ap vanse pou anpeche vyolans sou fanm ak tifi la a.