Slider_bandwol SASA ak MD ak PF

Òganizasyon ki enterese sèvi ak metodoloji SASA! okonplè nan kominote pa yo kapab aplike pou yo vin patnè lontèm.

Patenarya lontèm nan genyen ladan li:

  • Pataj materyèl kominikasyon pwogram nan kreye oubyen adapte.
  • Fòmasyon pou 2-3 manm pèsonèl òganizasyon an chak lane.
  • Vizit regilye sou tèren pou bay estaf òganizasyon an sipò epi ede yo fè evalyasyon.
  • Echanj tanzantan ant lòt òganizasyon ki itilize metodoloji SASA! ann Ayiti pou yo kapab diskite ansanm sou defi ak siksè yo jwenn nan travay pa yo nan kominote yo.

Repanse Pouvwa ap chèche òganizasyon pou rejwenn li nan travay l ap fè pou anpeche vyolans sou fanm ak tifi ak VIH/SIDA. Pou kalifye pou sipò lontèm, yon òganizasyon dwe ranpli tout kritè sa yo:

  • Genyen finansman pou enplemantasyon SASA !
  • Vyolans sou fanm ak tifi deja anndan bi ak objektif òganizasyon an, ak plan estratejik li.
  • Lidèchip òganizasyon an angaje li pou fè SASA ! pandan omwens 3 zan anndan kominote yo chwazi yo
  • Lidèchip òganizasyon an dakò, li dispoze pou analize pouvwa li, fè chanjman kote sa nesesè, angaje nan ranfòse kapasite ekip li, chanje deskripsyon tach si sa nesesè, rete an kominikasyon ak ekip Sipò Teknik Repanse Pouvwa pa telefòn, imèl, vizit… Tout sa ap fèt nan yon fason ki mache ak vizyon òganizasyon an.
  • Òganizasyon an dakò pou 2 manm nan ekip li pran fòmasyon sou vyolans sou fanm ak tifi/ SASA ! epi kreye mwayen pou manm sa yo fè fòmasyon pou lòt manm ekip li.
  • Lidèchip òganizasyon an idantifye estaf apropriye pou pran fòmasyon nan men Repanse Pouvwa, epi dakò pou voye menm moun sa yo nan chak fòmasyon epi rann yo disponibb pou resevwa vizit teknik Repanse Pouvwa.
  • Òganizasyon an kòmanse aktivite li yo depi omwens 2 zan
  • Genyen ase manm k ap travay pou pwojè a pou rann metòd SASA ! posib (2 oubyen plis depandamman de plizyè faktè).
  • Patisipe nan omwens yon fòmasyon SASA ! deja <kit se Repanse Pouvwa ki ofri li kit se yon lòt òganizasyon ki fè l> epi montre kisa yo fè ak fòmasyon sa a sou teren .

Si ou panse òganizasyon pa w gen tout sa, kontakte nou! Nou ta renmen fè konesans ak ou!