Vyolans sou fanm ak tifi se tout menas oubyen tout zak (fizik, emosyonèl, seksyèl, ekonomik) ki fèt sou fi, ki fè mal, e ki ka menm koze lanmò; zak sa yo fèt pou kenbe fanm ak tifi anba pouvwa ak kontwòl lòt moun.

Yo fè vyolans sou fanm ak tifi toupatou sou latè. Fanm ak tifi tout ras, tout kilti, tout nasyonalite, tout relijyon, tout laj, tout klas sibi vyolans. Se yon pwoblèm dwa moun ki fè nou tout mal. Kòm konsekans li pote anpil pwoblèm, tankou: dezolasyon, blese fizik ak lanmò pou fanm ak tifi yo, tansyon ak depans lajan nan fanmi, gen timoun ki pè gason e ki pa fè yo konfyans, prizon, mank devlopman nan yon kominote… Vyolans sou fanm ak tifi se yon pwoblèm sante piblik ki grav e ki mande yon solisyon rapid. Vyolans sou fanm ak tifi antre nan gwo sistèm inegalite ki egziste a, kote gason gen plis valè pase fanm ak tifi. Inegalite oswa dezekilib nan pouvwa ant fanm ak gason lakòz vyolans kontinye ap fèt sou fanm ak tifi. Fanm kou gason kapab mete men ansanm pou derasine pwoblèm sa a epi travay pou kominote yo ak peyi a kapab pèmèt pouvwa fanm ak gason ekilibre.

 

Bwochi Vyolans sou fanm ak tifi

Enfòmasyon Nou Dwe Konnen