IMG_0476

Tout moun ki sibi vyolans merite bon jan sipò pou gerizon an kapab fèt. Yo kapab bezwen sipò moral, swen sante, jistis, ebèjeman an sekirite ak lòt depandeman de sitiyasyon pa yo. Li enpòtan anpil pou yo jwenn moun pou tande yo, epi ki kwè nan yo, pou yo kapab geri.

Pou moun ki sibi kadejak, li enpòtan pou yo ale nan yon lopital oubyen sant sante anvan 72èdtan (3 jou) fin pase, pou yo jwenn tretman nesesè, tankou medikaman pou anpeche yo pran VIH/SIDA, medikaman kont gwosès, epi medikaman kont lòt enfeksyon moun pran nan fè bagay. Epitou, moun ki sibi vyolans seksyèl oubyen agresyon fizik gen dwa pou yo jwenn yon sètifika medikal gratis nan men yon doktè.

Men kèk òganizasyon ki konn akonpanye moun ki sibi vyolans sou fanm ak tifi. Lis la pa 100% konple – mande nan zòn pa w la pou ou ka jwenn sipò. Pa dekouraje!

Men kèk resous:

Sistèm Referans Jakmèl ak Kap Wouj Mas 2014

Lis òganizasyon ki travay a nivò nasyonal pou akonpanye moun ki sibi vyolans – soti nan Klostè VBG Pòtoprens 2011 – Franse 

 

Kijan pou tande yon moun ki sibi vyolans?

Sonje 4 bon prensip ekout ki soti nan SASA!: 1. Louvri, pa fèmen, 2. Ankouraje, pa fòse, 3. Bay sipò, pa jije, ak 4. Koute plis, pale mwens

1. Louvri, pa fèmen

Veye jan w ap mennen kò w, pozisyon w, jès w ap fè yo, mesaj w ap voye san ou pa pale! Lè w dekwaze bra w pandan w ap gade lòt moun, epi w fè yon ti panche ann avan, moun nan ap santi ou enterese pale avèk li.

2. Ankouraje, pa fòse

Bay moun tan pou yo reflechi. Fè ti kòmantè tankou ‘ban m plis detay sou sa,’ ‘ki jan w te santi w lè sa a,’ oubyen ou gen dwa annik souke tèt ou pou montre w ap koute, ou kapab ede moun santi yo an sekirite, epi yo ka pale sa ki sou kè yo.

3. Bay sipò, pa jije

Si nou annik fè moun yo sonje nou la pou nou ba yo sipò, san nou pa jije yo, sa ka ede moun yo santi moun aksepte yo, sa pèmèt yo pa santi yo gen move non, ni yo pa santi yo wont.

4. Koute plis, pale mwens

Lè nou bay moun chans pou yo pale, sa ka fè yo santi genyen moun k ap koute yo, epi sa ka fè yo santi yo gen valè.