Repanse Pouvwa ofri fòmasyon sa yo kòm sipò pou òganizasyon k ap kòmanse itilize metòd Kore Tifi oubyen metòd SASA! an Ayiti.

N ap mete disponib 2 fòmasyon ankò nan 2018 pou tout moun osnon òganizasyon ki enterese travay nan fè prevansyon vyolans sou fanm ak tifi.  Oubyen Kontakte Ekip Pwogram nan pou mande yon lòt fòmasyon pou òganizasyon w, ki patikilyè a òganizasyon pa w la.

Pou ranpli aplikasyon pou patisipe nan youn nan fòmasyon ki planifye yo: Fòmilè Enskripsyon Fòmasyon Repanse Pouvwa 2017-2018 – anpeche vyolans sou fanm ak tifi.v2

Enfòmasyon sou fòmasyon yo:

Faz 1: Kore Tifi

4 jou pou òganizasyon k ap pran fòmasyon sèlman 15-18 Janvye, 2018/ 5 jou pou òganizasyon ki deja gen akò ak Repanse Pouvwa kòm patnè lontèm 15-19 Janvye, 2018

Kore Tifi se yon metodoloji natif natal ki soti dirèkteman nan konsèy ak rekòmandasyon lidè klèb tifi Ayisyen ak kominote nan Sidès Ayiti ki te patisipe nan premye enplemantasyon SASA!. Bi Kore Tifi se kreye relasyon, ranfòse lekòl ak kominote ki pèmèt fi ak gason kapab jwi pouvwa yo egalego. Kore Tifi marye plizyè apwòch pou anpeche vyolans ki baze sou rezilta ankèt syantifk, e ki genyen aktivite sa yo ladan li: 1. klèb tifi, 2. enplikasyon gason ak ti gason pou mesye yo tounen aktivis pou pouvwa tifi; 3. yon pwosesis ki angaje tout moun nèt nan yon lekòl, ak fòmasyon, aktivite ak kourikoulòm pou twazyèm sik fondamantal ak nouvo segondè ki tou marye ak objektif pwogram regilye klas yo; epi 4. zouti espesyal pou kominote a, e pou paran ak moun ki okipe timoun yo. Fòmasyon sa a pral pèmet patisipan yo genyen kapasite pou yo enplemante premye faz Kore Tifi nan kominote pa yo.

DAT LIMIT POU ENSKRI : 15 Desanm 2017 

SA NAP OFRIW :

  • Enfòmasyon ak materyèl k ap pèmet ou sèvi ak premyè faz Kore Tifi, pou ede ekilibre pouvwa ant fi ak gason epi anpeche vyolans sou tifi ak fanm nan kominote a.
  • Pataj esperyans ak manm Rezo Repanse Pouvwa nan Jakmel/ LaValle.
  • Kèk zouti/materyèl kominikasyon Kore Tifi  ki kapab edew nan travay w ap fè nan kominote pa w.

Kou an se $600 pa patisipan. Transpò pou rive Jakmèl sou kont patisipan yo.

 Plis Enfòmasyon ak enskripsyon: 3617-1815/4894-9896 

Pou ranpli aplikasyon pou patisipe: Fòmilè Enskripsyon Fòmasyon Repanse Pouvwa 2017-2018 – anpeche vyolans sou fanm ak tifi.v2

SASA! Faz Kòmanse

4 jou pou òganizasyon k ap pran fòmasyon sèlman 12-15 Mas, 2018/ 5 jou pou òganizasyon ki deja gen akò ak Repanse Pouvwa kòm patnè lontèm 12-16 Mas, 2018

SASA! te kreye nan peyi Ouganda an Afrik; Se Raising Voices ki kreye li. Repanse Pouvwa adapte li nan respè kilti peyi d Ayiti ak lang manman nou. Mo ‘sasa’ nan lang Kiswahili a vle di “kounye a”. Se kounye a menm pou nou mete men pou anpeche vyolans sou fanm ak tifi epi VIH/SIDA. SASA! angaje tout moun––fanm kou gason––nan tout kouch sosyal pou mobilize tout kominote a pou ekilibre pouvwa ant fanm ak gason.

Pou metodoloji a bay siksè, fòk genyen aktivis. Aktivis se moun ki PA rete chita bra kwaze devan flewo sa yo: vyolans sou fanm ak VIH/SIDA. Men ki volontè e ki mete tèt ansanm pou ede kominote yo frennen epidemi yo.

DAT LIMIT POU ENSKRI : 15 Fevrye 2017 