Repanse Pouvwa logo - koulè

 

Repanse Pouvwa se yon pwogram anndan Depase Fwontyè. Nou genyen kòm vizyon pou Sosyete Ayisyèn nan kreye yon anviwonman kote dwa fanm ak dwa tifi respekte; fanm ak tifi yo viv san vyolans, pouvwa yo  ekilibre avèk gason, ti gason. Nou vle ede fanm ak gason, tifi ak ti gason eklibre pouvwa yo egalego, youn ak lòt. Nou vle tout vyolans sou fanm ak tifi kaba.

 

Repanse Pouvwa travay sou 3 aks:

  1. Mobilizasyon kominotè pou anpeche vyolans sou fanm ak tifi

Ogmantasyon konesans ak kapasite, chanjman nan kwayans, konpòtman, règleman ak lwa ki pou ede anpeche vyolans sou fanm ak tifi plis VIH/SIDA nan sosyete ayisyèn nan.

  1. Kreye ak adapte materyèl / metodoloji/ zouti ki apwopriye pou kominote Ayisyen

Materyèl kominikasyon ki byen chita nan langaj ak kilti Ayisyen an disponib, pou ede konsyantize epi chanje nòm sosyal sou vyolans sou fanm ak tifi plis balanse pouvwa ant fi ak gason.

  1. 3. Ofri sipò teknik pou òganizasyon ki angaje yo pou anpeche vyolans sou fanm ak tifi

Enfliyanse enstitisyon ak òganizasyon pou ogmante efikasite ak kantite prevansyon primè vyolans sou fanm ak tifi ki fèt an Ayiti ak lemonn, pa mwayen bon materyèl kominikasyon, fòmasyon kout oubyen sipò lontèm pou sèvi ak metodoloji efikas.

Gade videyo Repanse Pouvwa pou aprann pi plis!