Kore Tifi, se yon metodoloji Repanse Pouvwa kreye.

Metodoloji sa a fèt pou fasilite òganizasyon ak aktivis anpeche vyolans sou tifi nan kominote yo, pèmèt tifi ak ti gason balanse pouvwa yo, viv an amoni pandan tifi ak ti gason ap mete men ansanm, travay ansanm san prejie nan tout aktivite anndan kay, nan lekòl ak nan kominote yo an jeneral.

Metodoloji a mete aksan espesyal sou tifi nan kèk aktivite yon fason pou fasilite balans pouvwa ant tifi ak ti gason. Men tout aktivite sa yo fèt nan enterè tout timoun (tifi kou ti gason) ak enterè kominote yo an jeneral.

Kore Tifi prezante tankou yon gid pazapa ki mete ansanm pwogram ki santre sou tifi avèk pwosesis chanjman nòm sosyal nan yon kominote.

Kore Tifi, menm jan avèk SASA!, genyen kat Faz: Faz 1 (Kòmanse), Faz 2 (Konsyantize), Faz 3 (Sipò), Faz 4 (Aksyon).

Òganizasyon, enstitisyon ak aktivis kapab sèvi ak metodoloji sa a pou kont li oubyen kòt-a-kòt avèk SASA!.

Nan Kore Tifi, se tout kominote a ki angaje. Chak moun genyen yon wòl pou li jwe pou asire tifi jwenn pouvwa yo! E sa nan avantaj nou tout! Pou plis ransèyman sou Kore Tifi, telechaje materyèl yo apati lyen ki pi ba a, epi jwe wòl pa ou!

 

Telechaje materyèl Kore Tifi yo , oubyen pou achte yon kopi di, kontakte nou!