Resous pou Klèb Tifi

Pou chak Faz Kore Tifi, genyen yon dokiman ki pou fasilite manm Ekip ak menntò planifye aktivite pou klèb tifi. Men sis sijè prensipal ki trete nan klèb yo:  

  • Pouvwa
  • Kominikasyon
  • Lidèchip ak zanmitay (Remak: ladan yo genyen presyon zanmi ak estim pou tèt ou)
  • Finans
  • Sante tifi
  • Vyolans

“Gid pou Kreyasyon Klèb Tifi” (Faz 1) ak “Gid Aktivite pou Klèb Tifi” (Faz 2, 3 ak 4) genyen plis enfòmasyon sou aktivite pou nou fè nan klèb yo pou tifi yo kapab aprann sou sis sijè yo. Men se pa dokiman Kore Tifi sèlman ki prezante bon jan aktivite ki pou fèt nan klèb tifi. Resous ki fèt pou ede tifi viv kòm-sa-dwa toujou ap devlope paske se chak jou òganizasyon ap kreye nouvo zouti.

Paj sa a prezante lòt resous an kreyòl oubyen an franse ki fèt divès kote nan mond la. Se resous an plis òganizasyon k ap sèvi ak metòd Kore Tifi kapab itilize nan klèb tifi. (NB Klèb tifi fèt ak tifi 10 -14 lane, 15 – 19 lane, e klèb tifi fèt ak tifi ki genyen sitiyasyon ak eksperyans ki varye. Donk li enpòtan anpil pou ou byen egzaminen yon aktivite anvan ou deside fè li nan klèb pa ou.)

Objektif pa nou se fè mizajou sou paj sa a toutan epi mete tèks aktivite ki bon pou klèb tifi. E kòm kontni paj sa a ap grandi, li kapab itil pou tanzantan ou gade sa ki nouvo sou li. Si ou dekouvri nouvo resous ki apwopriye pou klèb tifi e ki pa sou paj la, ou kapab patisipe nan devlope paj la lè ou siyale nou sa sou annanpechevyolans@gmail.com

Felisitasyon pou bon lide ou ak/oubyen travay ou avèk klèb tifi!

 

Resous:

NB: Dènye mizajou a fèt an Desanm 2016

 

An Kreyòl:

Tit ak lyen pou telechaje resous la Òganizasyon ki kreye resous la Sijè Kore Tifi ki mache ak  li Nan Faz Kore Tifi li kapab trete
Chache Konnen! Yon bwat imaj pou bonjan devlopman adolesan Family Care International, Volontariat pour le Dévloppement d’Haiti (VDH), La Fondation pour la Promotion de la Santé Sexuelle et Reproductive et l’Education Familiale (FOSREF) ·   Sante tifi

·   Vyolans

Faz 2-3 (Sante tifi)

Faz 2 (Vyolans)

Fòmasyon sou zafè sante seksyèl pou tifi: “Espas pa m yo Rezo aksyon pou fi ayisyen, YWCA Haiti, Enpak ·   Sante tifi

·   Vyolans

Faz 2-3 (Santi tifi)

Faz 2 (Vyolans)

“Genre” oswa sèks: pou ki moun sa gen enpòtans? Ipas, Aprosifa, Fokal, Christian Aid ·   Sante tifi

·   Vyolans

Faz 2
Gid Aktivite sou zafè edikasyon finansyè pou ti jèn fi adolesan Making Cents International, Save the Children, AmeriCares, Haiti Adolescent Girls Network ·   Finans Faz 2-3
Kat Atou  Haiti Adolescent Girls Network  ·   Tout  Faz 1 (ak Tout Faz)

 

 

An Franse:

Tit ak lyen pou telechaje resous la Òganizasyon ki kreye resous la Sijè Kore Tifi ki mache ak  li Nan Faz Kore Tifi li kapab trete
Droits des Adolescentes et Compétences en vie Courante Population Council ·   Kominikasyon

·   Lidèchip ak zanmitay

·   Sante tifi

·   Vyolans

 

Faz 3 (Kominikasyon)

Faz 2-3 (Lidèchip ak zanmitay)

Faz 2 (Sante Tifi ak Vyolans)

Filles Éveillées: Programme pour les adolescentes employées de maison, Guide du mentor Population Council ·   Kominikasyon

·   Lidèchip ak zanmitay

·   Finans

·   Sante tifi

·   Vyolans

Faz 2-3 (Kominikasyon, Lidèchip ak zanmitay, Sante tifi)

Faz 3 (Finans)

Faz 2 (Vyolans)