slide1

Repanse Pouvwa fè ak adapte anpil materyèl kominikasyon pou anpeche vyolans sou fanm ak tifi epi enfeksyon VIH/SIDA. Gras a sipò Raising Voices ki kreye l epi kominote Ayisyen ki ede nou adapte l, metòd SASA! genyen plis pase 800 paj afich, band desine, lide pou reyalize atik ak repòtaj, manyèl fòmasyon, gid pou fè evalyasyon, elatriye. Si yon òganizasyon enterese itilize zouti sa yo, nou kapab ba li oryantasyon epi mete yo disponib pou li.

Materyèl sa yo disponib gratis pou ou. Pou sipò teknik avek fòmasyon pou ede òganizasyon pa w kòmanse avèk metòd SASA! klike paj Sipò Teknik.

Telechaje tout materyèl ak zouti SASA!

Faz Kòmanse: An nou kòmanse reflechi sou vyolans sou fanm ak tifi, sou VIH/SIDA kòm 2 pwoblèm ki makonnen youn ak lòt epi devlope pouvwa ki soti anndan nou menm pou nou abòde pwoblèm sa yo.

Telechaje: SASA! faz Kòmanse

 

Faz Konsyantizasyon: An nou pran konsyans sou fason kominote nou yo asepte jan gason mal sèvi ak pouvwa yo sou fanm ak tifi, yon bagay k ap ankouraje 2 michan epidemi: vyolans sou fanm ak tifi epi VIH/SIDA.

Telechaje: SASA! faz Konsyantizasyon

 

Faz Sipò: An nou mete pouvwa ki soti anndan nou ak pouvwa ki soti anndan lòt moun (pouvwa ansanm avèk lòt moun) pou nou ankouraje aktivis SASA ! ak tout fanm ak gason ki ap sibi oubyen lite kont 2 michan epidemi sa yo ki makonnen youn ak lòt.

Telechaje: SASA! faz Sipò

 

Faz Aksyon: An nou pase alaksyon nan sèvi ak pouvwa pou nou kore pou anpeche vyolans sou fanm ak tifi ak enfeksyon VIH/SIDA.

Telechaje: SASA! faz Aksyon