4 Novanm 2017, Kore Tifi ak SASA! lanse ofisyèlman nan LaValle de Jakmèl!

Kore Tifi se yon metodoloji natif natal ki soti dirèkteman nan konsèy ak rekòmandasyon lidè klèb tifi Ayisyen ak kominote nan Sidès Ayiti ki te patisipe nan premye enplemantasyon SASA!. Bi Kore Tifi se kreye relasyon, ranfòse lekòl ak kominote ki pèmèt fi ak gason kapab jwi pouvwa yo egalego. Kore Tifi marye plizyè apwòch pou anpeche vyolans ki baze sou rezilta ankèt syantifk, e ki genyen aktivite sa yo ladan li: 1. klèb tifi, 2. enplikasyon gason ak ti gason pou mesye yo tounen aktivis pou pouvwa tifi; 3. yon pwosesis ki angaje tout moun nèt nan yon lekòl, ak fòmasyon, aktivite ak kourikoulòm pou twazyèm sik fondamantal ak nouvo segondè ki tou marye ak objektif pwogram regilye klas yo; epi 4. zouti espesyal pou kominote a, e pou paran ak moun ki okipe timoun yo. Pou telechaje tout materyèl SASA!, ale sou: http://repansepouvwa.org/materyel-kore-tifi/

 

 

SASA! te kreye nan peyi Ouganda an Afrik; Se Raising Voices ki kreye li. Repanse Pouvwa adapte li nan respè kilti peyi d Ayiti ak lang manman nou. Mo ‘sasa’ nan lang Kiswahili a vle di “kounye a”. Se kounye a menm pou nou mete men pou anpeche vyolans sou fanm ak tifi epi VIH/SIDA. SASA! angaje tout moun––fanm kou gason––nan tout kouch sosyal pou mobilize tout kominote a pou ekilibre pouvwa ant fanm ak gason.

Pou metodoloji a bay siksè, fòk genyen aktivis. Aktivis se moun ki PA rete chita bra kwaze devan flewo sa yo: vyolans sou fanm ak VIH/SIDA. Men ki volontè e ki mete tèt ansanm pou ede kominote yo frennen epidemi yo. Pou telechaje tout materyèl SASA!, ale sou:

http://repansepouvwa.org/metod-sasa/materyel/

Lansman Kore Tifi ak SASA! – 2 metòd disponib pou tout aktivis!

Une réflexion sur “Lansman Kore Tifi ak SASA! – 2 metòd disponib pou tout aktivis!

Les commentaires sont fermés.