Gen plizyè lwa pou bay fanm ak tifi sekirite yo bezwen, men yo pa aplike ase. Pwogram Repanse Pouvwa ap fè pledwaye kounye a ansanm ak lòt Òganizasyon fanm ak mouvman fanm Ayisyen pou mande pou lwa sa yo aplike, pou bay fanm ki viktim vyolans jistis epi pou bay tout fanm sekirite nan peyi nou.

Sa n ap fe kounye a la:

Pase lapawòl ke moun ki sibi vyolans seksyèl ak agresyon fizik nan ka vyolans nan koup gen dwa pou yo jwenn sètifika medikal gratis! Men 2 papye ki bay prèv sa a:

circulaire MJSP juil 08

Memorundum MSPP fev07

Si ou ta renmen entegre pi plis nan lit la oubyen jwenn yon ti pale ou kapab aprann fè bò lakay ou ak pèsonèl lasante oubyen moun nan katyè a, kontakte nou!