SASA! Haiti box 2

SASA! se yon metodoloji pou anpeche vyolans sou fanm ak enfeksyon VIH/SIDA. Se Raising Voices ki te kreye metodoloji sa a nan peyi Ouganda. SASA! se yon mo Kiswahili ki vle di “kounye a”- Se kounye a menm pou aktivis kòmanse angaje yo kont vyolans sou fanm ak tifi. SASA! se yon sig tou pou 4 faz nan pwosesis chanjman metòdoloji a prezante:

 

 

Start- Kòmanse

Awareness- Konsyantizasyon

Support- Sipò

Action- Aksyon

Pwogram nan te tradwi ak adapte tout materyèl SASA! yo nan lang ak kilti Ayisyen e li deja kreye lòt materyèl. Yo pare kounye a pou tout moun itilize yo pou anpeche vyolans sou fanm, sou tifi ak VIH/SIDA!

Ak metòd SASA! a, Repanse Pouvwa ap akonpaye kominote yo nan yon pwosesis pou chanjman kompòtman apati refleksyon, troke lide, konsyantizasyon plis bon jan enfòmasyon. Estrateji a se mobilizasyon kominotè.

  • Li envite moun diskite sijè vyolans nan yon lòt pespektif:

Moun egzamine Pouvwa pa yo, gade ki fason yo itilize l, obsève inegalite ki genyen nan sosyete a. E yo mete aksan sou dezekilib pouvwa ant fanm ak gason nan sosyete a.

  • Li mobilize kominote a pou moun konprann zafè wòl fanm ak wòl gason yon lòt fason. Pwogram nan chita sou prensip tout moun egal e li montre kijan bon jan ekilib pouvwa ant fanm ak gason ka pèmèt tout moun nan yon kominote viv ak plis kè kontan, plis sekirite ak pi bon kalite sante.
  • Li travay avèk tout kategori moun nan kominote yo pou fè pi gwo enpak posib. Li travay ak fanm kou gason. Li travay avèk aktivis kominotè, lidè kominotè, lidè legliz, lidè vodou, manm òganizasyon fanm, manm òganizasyon jèn, manm klèb tifi, pèsonèl lasante, jounalis ak direktè medya, otorite lokal(moun nan leta)… Li konstwi relasyon avèk tout moun sa yo pou kreye yon mouvman ki genyen ladan li divès aktè kote Pwogram nan se youn ladan yo.

Telechaje materyèl SASA! yo, oubyen pou achte yon kopi di, kontakte nou!