1 sou 3 fanm ak tifi peyi d Ayiti sibi vyolans seksyèl. Konsekans vyolans sa a ki pi dirèk parèt nan sante fizik ak sikolojik fanm ak tifi ki viktim yo, men gen konsekans negatif pou tout kominote a. Risk pou moun trape VIH/SIDA ogmante anpil ak risk pou devlopman ekonomik ralanti. Lè yon fanm vin ansent paske li sibi kadejak, pitit li vilnerab nan kominote kote yo ap viv.

Repanse Pouvwa sèvi ak metòd SASA!. Se raising Voices ki te devlope metòd sa a nan peyi Ouganda. Li deja bay bon jan rezilta nan peyi sa a. Repanse Pouvwa deja tradwi, adapte materyèl metòd sa a nan lang ak kilti peyi d Ayiti. Materyèl sa yo, fòmasyon ak Sipò teknik disponib pou tout Òganizasyon ki vle itilize metòd sa a an Ayiti.