Se plizyè Patnè ki rann travay Pwogram nan posib:

  • Òganizasyon Fanm Deside ki travay sou tout Depatman Sidès la. fanmdesidehaiti.org
  • Òganizasyon La Flore des Femmes ki travay nan komin Cayes-Jacmel nan Depatman Sidès.
  • Solidarite Fanm Ayisyen (SOFA) nan Cayes-Jacmel.
  • Pwogram nan travay tou ak plizyè Òganizasyon kominotè nan diferan zòn entèvansyon yo. Reskonsab Òganizasyon de baz sa yo se manm rezo Pwogram nan.
  • Raising Voices ki te kreye metodoloji SASA! an Ouganda, epi ki toujou kontinye pataje lide ak materyèl ak Pwogram nan – raisingvoices.org
  • Beyond Borders, se Òganizasyon kote Pwogram nan chita – beyondborders.net

Repanse Pouvwa jwenn finansman nan men Beyond Borders ki fè kanpay pwomosyon pou travay la. Aktyèlman, Pwogram nan jwenn finansman nan men kèk Fondasyon entènasyonal: Novo, AJWS ak IMAGO Dei Fund. Anvan IRC, UUSC ak Fondasyon Digicel te sipòte Pwogram nan. Si ou enterese patisipe nan travay Repanse Pouvwa ap fè, kontakte Ekip Repanse Pouvwa nan (509) 3617 1815 oubyen annanpechevyolans@gmail.com