Nan lane 2009 Beyond Borders ak Fondasyon Limyè Lavi ki te travay ansanm pou konbat Pratik restavèk nan peyi a, te deside koumanse travay kont vyolans sou fanm ak tifi tou.Yo te rekonèt lyen ki te genyen ant mank pouvwa fanm ak pratik restavèk la, epi yo wè tou 2 se pwoblèm dwa moun ki gen rapò ak jan moun sèvi ak pouvwa yo.

Posibilite sa a te kòmanse vin yon reyalite nan 2010 lè Repanse Pouvwa te kòmanse travay nan 5 kominote nan fè prevansyon pou anpeche vyolans sou fanm ak tifi epi enfeksyon VIH/SIDA. Pou travay la te fèt, nou te aplike yon metodoloji ki rele SASA!. Metodoloji sa a soti nan peyi Ouganda ak yon òganizasyon ki rele Raising Voices ki te kreye l. Nan menm lane a, yo te kòmanse adapte materyèl SASA! epi sèvi ak metòd la nan peyi a.

Kounye a la, Pwogram Repanse Pouvwa gen 5 lane depi li ap fè eksperyans ak metòd SASA!. Repanse Pouvwa reyalize 3 evalyasyon sou travay li. Rezilta yo montre gen gwo enpak nan kominote kote Pwogram nan travay.

Resous ak eksperyans Pwogram nan demontre ekip Repanse Pouvwa a pare pou li ofri Sipò Teknik bay lòt Òganizasyon ki vle itilize metòd SASA! a pou anpeche vyolans sou fanm ak tifi nan kominote pa yo.

An plis, Pwogram nan ap devlope yon lòt metòd ki mache men nan men ak metòd SASA! pou travay ak kominote yo. Metòd la ap pran an konsiderasyon tifi ak jèn fi, epi li ap angaje kominote yo pou yo pèmèt pouvwa ant tifi ak ti gason byen balanse, byen ekilibre san fòs kote. Konsa se depi nan timoun moun ap aprann konnen konsekans vyolans, aprann mete tèt ansanm pou anpeche vyolans nan anviwonman yo.